Apwopo

Tèt byen plen, tèt byen fèt, se de (2) ekzijans la sosyete ak tout ekzistans lan fè chak grenn moun k ap viv sou latè. Se 2 ekzijans ki enpoze sou wout chak moun ki vle atenn siksè. Pou sa, Timalis ki se yon platfòm edikatif, nimerik, bay tèt li misyon pou ede tout moun ki vle reyisi byen fè ak byen plen tèt yo.
Avèk bon jan enstriktè kalifye, Timalis la pou ede tout itilizatè li yo atenn yon nivo enstriksyon ki wo, bon kalite, kèlkeswa kote yo ye sou latè avèk kèlkeswa aparèy ki ka konekte ak entènèt.

Pou eksperyans apwantisaj mwen sou entènèt, mwen reyalize se yonn nan pi bon espas yon moun kapab apwann ladan l. Ou apwann ak bon jan fòmasyon ki gen kalite, nan rit ou vle, san w pa oblije deranje lòt aktivite ou ap mennen. Epi ou kapab apwann kèlkeswa kote w santi w alèz, depi ou genyen nan men ou materyèl ki fèt pou sa. Lè w ap apwann sou entènèt, kantite resous yo depase sa w ta kapab imajine. Mwen wè avantaj apwantisaj sou entènèt genyen ladan l, mwen wè jan sa ka chanje lavi moun, mwen deside koumanse ede moun apwann sou entènèt ak plis fasilite pou kapab chanje lavi yo!

Simeon Beaudelaire
Fondatè
foto_fondate

Kite Chif yo pale

Kou
0 +
Anseyan
0
Etidyan
0 +
Poukisa ou dwe chwazi nou?
Timalis ofwi tout moun san distenksyon, ki pale kreyòl, nouvo fason ki pisan anpil pou apwann sou entènèt la.
Li pèmèt ou:
*suiv bon jan fòmasyon pwofesyonèl ak bon jan enstriktè kalifye
*apwann nan pwòp rit ou
*dekroche yon sètifika profesyonèl
Vizyon nou
Vizyon nou se wè yon mond kote chak moun kap apwann kapab gen aksè ak ledikasyon pou devlope potansyalite yo san ni lajan,ni espas-tan yo ye pa deranjeyo.